Manif ce lundi devant le consulat d’Haïti en Gwadloup, et metant en cause l’action (ou l’inaction) de l’actuelle consul, Mme Dieuné Fanfan.devant le consulat d’haiti. Voici l’Appel…

AYISYEN LEVE KANPE 

DEPI 1991 nou gen yon konsila nan gwadloup. Yon konsila ki ta dwe la pou sèvi nou. Men sé tout afè lékontrè. Sé pa konsila a non ki pwoblèm nan, sé kèk konsil yo voyé bannou. Kôm ki dirè sé nou nan gwadloup Senmaten ak Matinik yo pa respekté. Yo voyé nenpot ki konsil bannou. Dépi 9 ane madan Fanfan konsil nan Gwadloup Matinik é Senmaten, sé Komsi li pa la. li pa itil kominoté ya anyen, sé zafè pèsonèl li li vin réglé.

An nou réponn kèk keksyon sou travay ké madan Fanfan ta dwé fè ?

1. Eské konsil nou dévlopé rélasyon kiltirèl ant léta ayisyen é léta fransè ? NON

2. eské konsil la bay bon ransèyman pou ankourajé moun al ouvè biznis nan péyi dayiti ? NON

3. Eské madan fanfan fè paspo ak lot papye konsilè pou nou? WI PASKE FOK NOU PEYE.

4. Eské konsil la poté yon ayisyen ki magazen yo oubyen antrépriz yo gen pwoblèm sékou? NON

6. Lè yo arété frè ak sè nou oubyen mete yo nan prizon oubyen voyé yo alé tou sal eské konsil nou okouran vwa pou li ta di ou fè yon bagay? NON

7. Eské konsil nou gen lis tout ayisyen ki fèt ou kap viv nan Gwadloup Senmaten ak Matinik. NOU PA KWÈ.

8. Eské konsil nou konnen konbyen ayisyen ki lopital ou nan prizon é ki sitirasyon yo? NOU PA KWÈ.

9. Eské konsila nou gen yon kès pou édé frè ak sè nou ki nan difikilté? Si wi sé pa pou ti maléré. paské geyen kèk jenn étidyan ayisyen ki kon pa gen majé pou yo manjé sé asosyasyon gwadloupeyen ak ayisyen ki kon édé yo.

10. Eské konsila-a gen yon espas pou jenn ayisyen dokimanté yo? NON.

11. Eské konsil nou mété avoka pou sèvi kominoté ya ? NON

12. eské konsil nou di ou fè yon bagay lè yon konpatriyot fè yon aksidan travay? NON

13. Lè yo vyolé dwa ayisyen ki sa konsil nou di ? ANYEN

14. eské konsil nou di ou fè yon bagay lè yon konpatriyot mouri nan mové kondisyon? NON.

16. Eské konsil nou défann politik péyi nou? NON. Li menm di li pa fè politik.

Sé tout keksyon sa yo ak tout soufrans sa yo ki fè nou di nou sé pitimi san gadô menm si nou wè drapo nou sou yon do kay

SE RA SE TA  JODI A PEP AYISYEN DI FOK SA CHANGE!!!

Fin de citation.

Références : Fédération d’Associations Franco-Haïtiennes de Guadeloupe [Mathieu BELOT, Président]- Tel: 0690 474 405 – E-mail: federation.guad@yahoo.fr – http://www.federationfrancohaitiennes-gp.com
page facebook: associations franco-haïtiennes

Partager.

Laissez votre commentaireAnnuler la réponse.

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.

Exit mobile version